Eske w te tande l? Mwen te fè yon layv (dirèk) Facebook kote m di li pa nòmal nan yon peyi pou labank pa prete moun kòb sou baz pwojè men sou baz koulè po, sou baz orijin sosyal. Jovenel Moïse te di fòk gen yon bank nan peyi a ki ka prete tout moun kòb, menm si w pa milatwo-siwo-libanè. Bank sa sipoze fasilite devlopman rejyon yo.
Ebyen gen yon restavèk sistèm nan, sa vle di yon « esclave de maison », ki koupe yon tibout vwa mwen, li kole l ak yon lòt poul fè tankou map pale dekòb yon lòt tchoul sistèm nan di swadizan yo te jwenn kay defen Prezidan an. Moun sa yo kontinye ap maspinen Prezidan an.
Se pa jou yo antre lakay li a yo te koumanse asasinen li. Se depi 7 lane yo koumanse asasinen Prezidan an, nan fè manti sou li, nan itilize Nèg ki gen mikwo pou bay tout kalite manti sou do Prezidan. Gen anpil nan nou, podyab, ki pasipe nan sa san nou pa konnen lè nou releye mesaj restavèk sistèm nan.
Lè Prezidan Jovenel Moise di peyi a bezwen wout, dlo, elektrisite ak bank ki bay jenn fanm ak jenn gason kredi pou fè biznis, se pa Mèt sistèm nan kal nan radyo pou di se manti. Se yon restavek sistèm nan yo peye pou di se manti Prezidan ap fè. Yo di li se yon Prezidan mantè. Travay sa a tèlman byen fèt, gen yon moman restavek sistèm nan pa tann met yo peye pou asasinen prezidan an, yo pran iniaytiv, yo fè sa kredi. Lè fini yal trennen devan kay Mèt yo pou mande rekonpans pou bon travay yap fè.
Mwen dil, map redi l ankò: sistèm nan pa chavire deja, se paske pwòp viktim sistèm nan ap sipòte l. Lejou viktim sistèm nan deside pa fè restavèk sistèm nan, pa gen sistèm ankò. Si m mouri foumi ap pote nouvèl la ban Mwen.
Pa kite pesonn dekouraje w, ni fè w pè denonse sistèm nan. Moun kap ede sistèm nan rete kanpe ranje tèt yo nan bò bouwo. Se swa yo kite Kote yo ye a oubyen yo tonbe ansanm Ak sistèm nan. Anverite sistèm sosyal ak ekonomik peze souse sa ki baze sou esklizyon rive nan bout li. Li pap kab kenbe ankò. Sispann fè kòve, sispann sipòte li. Vini mete men pou depatcha li.