Asasen Jovenel Moïse ak konplis yo, sa vledi restavèk sistèm nan, nan kad planifikasyon pou touye jovenel moise, te di eleksyon 2015 yo pat bon.
Yo di te gen fwod, fo bilten anbilans tap pote. Se pou yo te ka fè tranzisyon gagòt. Paske menm si y ap pale nan non pèp, pa gen pèp kap vote pou yo paske pèp la konprann yo se restavèk milatwo-siwo-libanè. Yo toujou jwenn tout preteks pou kwape eleksyon pou fè tranzisyon.
Yo te mete Privert pou 120 jou, li fè yon lane tranzisyon pou l te ka konsolide enterè klas sosyal kap maspinen pèp la, klas ki touye Jovenel Moise la.
Jovenel Moïse pran pouvwa a 7 fevrye 2017. Li te gen yon manda senkan, kap fini 7 fevrye 2022. Nan sistèm demokrasi nou mete sou pye nan peyi d Ayiti a, paske esklizyon ekonomik la telman fò, ekonomi rant la tèlman pisan, pa ka gen kreyasyon richès. Tout moun blije depann de jòb nan leta a.
Pwoblèm Ayiti se yon pwoblèm ekonomik. Gen yon klas moun milatwo-siwo-libanè, sou baz rasis, esklizyon, koripsyon ak krimanalite, ki gen monopol richès ekonomi peyi a. Yo pran kontwòl bank ak asirans, pò ak aewopò, dwann ak bank santral. Nan bank yo, yo prete tèt yo lajan antre yo. Yo marye antre yo. Yo deside ki kalite pwodwi yap enpòte e antann yo sou ki pri y ap vann. Ankenn lòt moun ki pa fè pati de klas sosyal sa a, ki fonksyon sou fòm de klan, paka enpòte an Ayiti. Ou te mèt te blan ou nwa. Yap manje w.
Kòm pa gen aktivite ekonomik ki pou kreye anplwa, leta se sèl kote tout moun vle antre. Tout moun vle yon tibout nan leta ni sa ki konn li, ni sa ki pa konn li, ni sa ki pòv ni sa ki rich. Tout konte sou mouche leta pou ka fè yon ti degaje. Klas sosyal milatwo-siwo-libanè fè richès li sou do leta. Se la li jwenn kontra miwobolan, kontra leonen nan konplisite ak pitit soyèt ki rive nan gwo pòs nan leta. Se nan konplisite ak pitit sòyèt, ki konn li ak ekri ki blije antre nan politik pou yo ka viv, klas sosyal milatwo-siwo-libanè a rive eskli tout moun ki pa nan klan ni. Premye viktim de politik sa a, se mas pèp la. Se li ki pa gen rele, se li ki pa gen reponn.
Jodi a pi gwo ideoloji ki gen Ayiti se djòb ak kòb. Sa vle di se de bagay sa yo ki ka fè yon nèg pase nan lopozisyon, oubyen konplote ak kèk manm klas sosyal milatwo-siwo-libanè pou fè revolt, peyi lòk oubyen touye Prezidan. Se poutèt sa tout moun toujou ap pale de dyalòg ak akò politik. Dyalòg Ak akò politik vle di bay nèg ki anfas ou djòb, ba yo kòb. Anpil kòb likid. Koze dyalòg ak akò politik telman vin antre nan mès ak pratik nou, ni prezidan, ni moun nan kominote entènasyonal vin entegre li.
Tout moun ap mande dyalòg ak akò san yo yo pajanm pran yon titan pou mandé kisa sa vle di. Yon moun fin gen eleksyon jodi, demen yo mande l chita ak advèsè li ki pat fè 0,5 % nan eleksyon yo. Se yon jan pou minimize vwa pèp la enpi mete anlè vwa moun kap defann enterè klas sosyal milatwo-siwo-libanè yo.
Menm jan ak tout moun Prezidan Jovenel Moise te vin mete nan tèt li fòk li jwenn yon akò politik. Blan an di li fòk li jwenn yon akò politik. Lè gen divèjans kay blan an li konvoke eleksyon antisipe, le gen divejans lakay nou, blan an mandé akò politik paske li menm tou li méprize pèp ayisyen an. Prezidan Jovenel Moise pase 4 an edmi ap eseye jwenn yon akò politik. Mwen te di l pap janm jwenn akò sa a toutotan li kontinye atake enterè klas sosyal milatwo-siwo-libanè a. Paske moun ki pou ta siyen akò Ak li yo pap janm trayi mèt yo. Ils ont juré de faire tout pour défendre les intérêts de leur maître au détriment des intérêts du peuple haïtien et de la Nation haïtienne.
Prezidan Jovenel te panse nan kontinye pale ak yo, lap fini pa konvenk yo. Se konsa li te bay dizon li pou patisipe nan diskisyon kay Nons la pou nou te ka jwenn yon akò politik nan finisman lane 2019 ak Koumansman lane 2020.Nan diskisyon kay Nons la, te gen kèk aktè politik kitap mandé pou Prezidan an koupe nan manda li. Sa vle di olye pou li ta pati 7 fevrye 2022, yo di pou li pati ant mwa me Ak mwa sektanm 2021. Estratejikman reprezantan Prezidan an te prefere mete aksan sou refom ki dwe fèt pito sou dire manda Prezidan. « Je ne suis pas attaché à un mandat mais à des réformes », disait le président.
Pifò aktè ki tap patisipe nan rankont kay Nons la, pat gen otonomi pa rapò ak klas sosyal milatwo-siwo-libanè a pou yo te rive siyen yon akò. Men tout moun te dakò lè sa a, manda Prezidan an ap fini 7 fevriye 2022. Se apre kèk tan, lè diskisyon kay Nons la fin echwe Mwen tande Paul Denis kap di nan radyo manda Prezidan an ap fini 7 fevrye 2021. Answit yon volim lòt restavèk milatwo-siwo-libanè ki rele tèt yo swa jounalis, swa jiris oubyen inivèsitè tonbe repete menm bagay la. Yo tap prepare mantal pèp la ak kèk moun nan kominote entènasyonal pou aksepte zak asasinay yo tap al fè sou kò Prezidan Jovenel Moise. Yo telman panse travay sa a byen fèt jou yo fin touye Prezidan an, yo pat prevwa wout nan raje pou gwoup asasen ki rantre kay Prezidan an te kab kouri.
Jounen jodi a, kesyon pou nou poze tèt nou, asasen Prezidan an vle mete sou pye yon tranzisyon kap dire 2 lane: eske yap retire 2 lane sa yo sou manda pwochen Prezidan pèp la pral eli a? Eske si Prezidan sa a pa ta dakò pou jwe wòl restavèk klas sosyal milatwo-siwo-libanè, eske yap di Mandan li se twa zan, si li pa ale yap asasinen li menm jan Ak Jovenel Moïse. Eske entelektyel restavèk yo ap ka reponn kesyon sa a?Pa bliye pa gen pyes sistèm dominasyon ki ka rete kanpe si moun kap sibi dominasyon yo pa dakò fè restavèk sistèm sa a.
Renald Luberice
PauP, 8/08/21