Se nan moman detrès yon sosyete ka pibyen deside chanje, si moun k ap soufri yo konprann byen

Tèks ou pral li la te pibliye yon premye fwa 18 dawout 2021. Depi lè sa a sityasyon peyi a vin pi mal anpil. Bandi ak zam vyole plizyè santèn fanm; yo kidnape ak touye plizyè milye moun. Peyi a pèdi anplwa pa pil pa pakèt. Pòtoprens vin divize an « territoires perdus ». Pouvwa politik la fè anpil lajan ki pa itil ni pou bay sekirite, ni pou ranje wout, lopital oubyen bay sèvis sosyal ki pi piti yo. Ayiti pa kapab ankò, pèp la pap kapab ankò. Peyi a bezwen yon revolisyon tout bon vre. Premye etap la se retire Aryèl Anry, ki pa ni legal ni lejitim enpi ki panse mete yon diktati nan figi moun la a. Men sa pap sifi. Si se sa sèlman ki fèt, se tankou anyen pat fèt.

Nou ka chanje sa. Nou dwe chanje sa. Ou ka chanje sa.

Paske w se moun, ou gen konsyans de eta w. W ap mande tèt ou ki moun ki responsab sitiyasyon w ap viv la. Kòm ou pa gen mwayen pou w fè yon refleksyon pi pouse, ou pran premye eksplikasyon yo ba w la. Sak pi fasil la. Si zafè w pa bon, se leta ki reskonsab.


Kòm leta a abstrè, ou pa ka wè li, ou blije mete yon vizaj sou li. Leta a vin parèt nan zye w tankou moun kap sèvi li yo: Prezidan, minis, direktè, senatè, depite ak majistra. Sa vle di leta egal moun kap sèvi leta yo.


Kòm se leta ki reskonsab sitiyasyon mizè, chomaj inakseptab wap viv la, kòm ou pap ka rankontre leta menw kab wè bò lakay ou oubyen nan televizyon moun kap sèvi leta yo, ou oblije rayi moun sa yo ak tout fòs. Mèt sistèm nan envesti pou yo ka di w menm se moun kap sèvi leta pou w rayi paske se yo ki leta a. Ou kwè nan sa, paske w se moun entelijan. Si yon sèl jou w te konprann moun sa yo pa leta, sistèm peze souse a tap gentan demantibile deja.

Men ki verite yo pap janm di w:

  • Leta a se pa moun ou wè kap sèvi leta, pafwa ki gen machin ofisyel ak sirèn, kap fè w kanpe sou kote ba yo pase, kap siyen papye pou w. Pifò nan moun sa yo, se moun manman yo ak papa yo sanble ak manman w epi papaw. Se moun yo ki fofile antre nan leta, avek oubyen san konsantmanw, pou vini fè yon ti degaje, oubyen moun yo mete la pou sèvi sistèm peze souse a. Se lèt yo vin bwè, yo pa vin konte tibèf. Yo fè sa mèt leta a mande yo fè. Yo pap al pran chans fè mèt leta a fache, paske si mèt leta a fache, l ap fè sal non yo nan radyo, revoke yo, kidnape yo oubyen asasinen yo. Sa vle di ou menm tou lè w rive nan plas moun sa yo ( e m konnen anpil nan nou ap batay pou sa), kòm moun entelijan w pral fè ekzakteman sa mèt leta a mande w fè, paske w renmen la vi w. Lè sa a, lòt jèn ki nan chomaj pral idantifye w ak leta a tou, yap rayi w pou mouri menm si w pa fè yo (nan tèt pa w) an yen, menm si w pa janm rankontre yo menm yon sèl fwa nan vi w.
  • Ou fache anpil paske leta pa kreye job pou w, ki fè w nan chomaj. Estrikti sèvo w pa pèmèt ou konprann sou katye bò lakay ou, sou 100 jèn ki nan chomaj, si gen 10 ladan yo ki gen kilti ak lide atreprann, yo chak te ka kreye 10 anplwa, si yo tap jwenn lajan prete labank. Lè sa a, ou patap gen 100 chomè nan katye lakay ou. Okontrè w tap manke 10 moun pou travay. Ou tap oblije ale chèche yo yon lòt kote. Ou patap kè de moun kap travay nan yon leta ki peye lèl vle.
  • Ou pa kontan paske w pa gen wout, kouran, dlo, bon lopital ak bon lekòl. Ou gen rezon. Men yo pa diw pou leta bay popilasyon an sèvis sa yo, li bezwen lajan. Men pou leta gen lajan, li bezwen antrepriz kap kreye richès. Pou gen antrepriz kap kreye richès, fòk gen antreprenè. Pou gen antreprenè, fòk bank dakò pran risk pou prete moun ki vle antreprann lajan. Se konsa peyi soti nan povrete, se konsa pèp soti nan povrete.
  • Ou vekse paske tout pwodwi monte tèt nèg. Pèsonn pa diw gen pwodwi kap toujou tèt nèg tanke se yon tigwoup moun ki refize pwodwi nan peyi a, ki antann yo pou monte pri pwodwi enpòte. Yo pa diw depi pa gen konpetisyon, depi gen konkirans delwayal se konsomatè a, sa vle di oumenm kap peye konsekans la.
  • Goudougoudou pase, pèp soufri, peyi a soufri paske gen anpil kay ki kraze tchwe moun. Kay yo mal konstwi, leta gen responsabilite nan sa. Men eske yo di w moun ki gen monopòl enpòte materyo konstriksyon yo, chwazi vann an Ayiti materyo move kalite (takou fè, tòl ak siman), sa lakòz kay pabyen reziste lè tè tranble. Kounye a espri senp ap kouri di se pa fòt pesonn, se fòt leta. Ki moun ki sonje non Guiteau Toussaint ak Robert Marcello? Sete de ayisyen konsekan ki tap eseye fè leta fè sal dwe fè, yo chak nan domèn pa yo. Jodia yo pyès pala ankò, pagen anpil moun ki sonje yo. L’enquête se poursuit. Nan fòm ni, asasina Guiteau Toussaint sanble kou dlo kòk ak asasina Jovenel Moïse la.

Si nou konprann epi aksepte reyalite sa a, nap ka koumanse poze vrè baz chanjman an. Si nou okipe vye politisyen ki bezwen fè retire kòw poum mete pam, nan kèk mwa yon lòt gwoup ap chase yo tou, oubyen mèt sistèm nan ap mete yo atè, touye yo si yo pa fidèl, nap koutinye fè menm bagay la jiskaske nou kwè se Ayiti ki modi jan kèk etranje vle fè kwèl. Ayiti pa modi, se yon sistèm ki moute pou sèvi yon ti gwoup moun sou baz koulè po, kont eneterè tout ayisyen.

Renald Luberice

18 dawout 2021

Laisser un commentaire